Pere Wal Loto
FAQ

Kesyon yo poze souvan

Sou konpayi an, lojisyèl POS la, asirans lan ak aplikasyon pou jwe an liy.

Kisa Pere Wal Loto ye?

Yon konpayi ayisyen (Pere Wal Entreprise) ki bay bank bòlèt yo lojisyèl POS, asirans sou tikè ki genyen, ak sekirite — epi ki gen yon aplikasyon pou moun jwe bòlèt an liy.

Ki jan mwen vin yon ajan?

Ranpli fòm nan sou paj dakèy la oswa ekri nou sou WhatsApp. Ou resevwa aparèy Sunmi a ak lojisyèl la deja enstale.

Kisa yon sipè ajan ye?

Yon sipè ajan jere yon rezo ajan nan zòn li. Li wè vant tout ajan li yo, kès la, ak vant an liy ki fèt nan zòn li a.

Kote mwen ka wè rezilta tiraj yo?

Sou tiraj.ht: rezilta New York, Florida, Georgia, Texas ak Tennessee, Midi ak Aswè, mete ajou otomatikman.

Èske lojisyèl la mache san entènèt?

Wi. Ou kontinye vann lè koneksyon an tonbe; vant yo senkronize otomatikman lè entènèt la retounen.

Ki aparèy mwen bezwen?

Yon aparèy POS Sunmi ak enprimant entegre, lojisyèl Pere Wal Loto deja enstale sou li. Ou ka jere kont ou tou sou telefòn ou.

Ki jan mwen kreye yon kont?

Ak nimewo telefòn ou (+509) ak dat nesans ou. Ou resevwa yon kòd pa SMS pou konfime kont lan. Ou dwe gen 18 an oswa plis.

Ki jan mwen mete lajan?

Nan paj Bous la, chwazi Depo, mete montan an, epi peye ak MonCash sou telefòn ou. Lajan an parèt nan wallet ou le pli vit peman an konfime.

Ki jwèt mwen ka jwe?

Bòlèt, Maryaj, Loto 3, Loto 4 ak Loto 5 — ak menm opsyon yo (OP1–OP3, marye tout) ou jwenn nan yon bank bòlèt Pere Wal Loto.

Ou pa jwenn repons ou? Kontakte nou.